Se pandan yon vwayaj depite Hugo H. Paul t ap fè sòti Bèlans pou l antre Pòtoprens ; kote li te genyen plizyè pèsonalite ak li. Nan machin li te genyen ansyen depite Pressage Cajou, Claude David amatè bato, bofis depite a Claude Pierre-Louis ak Hugues Jules di Tigougou (ki te elèv nan klas retorik nan lise Penchina ak yon neve Toya Mayard metrès depite a), epi chofè a Mejira Jean Pierre.
Lè yo te rive Tyòt, machin lan te kanpe devan kazèn militè a pou enspeksyon. Depite Andre Simon ki te delege Prezidan Duvalier nan tout awondisman Bèlans lan te konseye depite Hugo H. Paul pou li retounen Bèlans paske dènye enfòmasyon li genyen, gwoup kamoken yo nan Forèdèpen. Efektivman, machin nan retounen epi lè yo rive nan Forèdèpen, yo te tire sou machin lan vre. Hugues Jules te pran bal, kote li te mouri lapoula.
Yon pwen enpòtan ki merite klarifye nan yon paragraf liv Dr. Rony Gilot ekri a, kote li siyale : « Depite Bèlans lan Hugo Paul chape dejistès nan yon atanta. nou pap janm konnen vrè otè a, si se Andre Simon oubyen Fandal (Kamoken) ki te twò elwaye kote atanta te fèt la oubyen se ta Andre Simon ki t a fè l paske li te twò jalou sou endepandans, bèl kilti Hugo Paul ak relasyon solid li te genyen nan rejim lan. » (Au gré de la mémoire, paj 324.)
Nan ka sa a Rony Gilot pakab jij ak pati alafwa. Kesyon Dr. Gilot soulve a se yon batay nan fanmi divalyeris la, nan awondisman Bèlans lan. Yon kote Andre Simon ak Dr. Fritz Moise (depite Jakmèl), yon lòt kote Hugo H. Paul (depite Bèlans) ak Rony Gilot (depite Grangozye), ki dakò kont Andre Simon ak Fritz Moise. Li klè kon dlo kòk, se kamoken yo ki te tire sou machin Hugo H. Paul la, paske lè depite Paul te rive Tyòt, depite Andre Simon te di l retounen Bèlans paske kamoken yo te nan Forèdèpen an. Depite Pressage Cajou (sou Magloire ak Estime) ki te nan machin lan te retounen Bèlans tou.
Genyen yon dezyèm pasaj nan liv la ki merite klarifye tou, se kote Dr. Rony Gilot mansyone : « Alòske Rosemond Estriplet, zanmi pèsonèl François Duvalier, te depite Gran-Gosier, Tyòt ak Ansapit… » (Au gré de la mémoire, paj 324) Li enpòtan pou jenès la konnen Rosemond Estriplet pa t janm depite. Li te sèlman prefè awondisman Bèlans nan lane 1957.
Nan yon mesaj prefè Egard Jameau te voye bay Prezidan François Duvalier nan dat 9 jiyè 1964, li te anonse l : « Mwen genyen lonè pou mwen enfòme w, moun sa yo, alye Fandal yo, Jacques Fandal, Emon Fandal, Preston Fandal, Jean Fandal, Bernadin Fandal, Edouard Fandal, Franck Fandal, Louis Fandal, ak Nemours Fandal te fiziye nan Tyòt. Konfimasyon ekzekisyon sa yo te voye bay Sekretè Deta Enteryè a. » (Se battre pour Haïti : La résistance à la dictature en 1964, paj 49.) Pou tèt Adrien Fandal te debake nan kamoken, rejim Papa dòk la te sasinen tout gason nan fanmi Fandal yo.
Adrien Fandal te lakòz prèske tout fanmi Fandal la te disparèt. Depi lè sa a, moun pa janm konnen ki kote Adrien Fandal fè jiska jounen jodi a ? Nan tout konsiderasyon ki fèt sou sa k te kab rive Fandal, gen 2 posibilite. 1) Bri kouri, rejim Duvalier a te peye yon militè dominiken pou sasinen l. 2) yo di tou, li te ale Jamayik, sandout li ta mouri la. Nan de posibilite sa yo, sa ki sanble pi posib la, se vèsyon ki di yon militè dominiken ta sasinen l. Paske menm apre Jean Claude Duvalier tonbe, Adrien Fandal pa janm tounen Ayiti pou jouk jounen jodi, e pa gen moun ki konnen kote misye pase. Si li te vivan, pètèt li ta tounen Ayiti, menm pou vin vanje fanmi li yo, ki te sasinen sou Papadòk.
Se yon moun ki te genyen san cho. Li te sou batay touttan. Se byen tris pou prèske tout fanmi Fandal, Madonbe ak Royè mouri anba kout fizi konsa. Entansyon ranvèse rejim Duvalier a te bon, men mwayen yo te itilize yo pat efikas ase.

Debakman kamoken an 28 jen 1964 nan Lagondèzuit se te yon mouvman geriya ki te popilè anpil nan ane 60 yo. Sitou apre kokenn gwo viktwa Fidel Castro te pòte sou gouvènman Fulgencio Baptista nan Kiba nan dat 1 janvye 1959. Anpil lòt peyi nan Amerik latin te pran revolisyon Kiben pou yon egzanp ki ta pèmèt yo delivre peyi yo anba diktati. Se nan kontèks sa, yon gwoup kamoken te debake nan Lagondèzuit pou ranvèse gouvènman papa Dòk la. Anpil peyi nan Amerik la te eseye fè yon geriya, peyi tankou Bolivi ak Che Guevara yon lidè konsekan, konpayon Fidel Castro nan Siera Maestra. Che te mouri sasinen nan peyi Bolivi. Apre Kiba se Nikaragwa kote Sandinis yo te rive pran pouvwa a, mete Somoza deyò.
Moun ki enterese toutbonvre nan chèche konnen istwa debakman kamoken nan awondisman Bèlans lan ta dwe konnen, gwoup kamoken kòmandan Fred Baptise yo te anvayi teritwa ayisyen de fwa an 1964. Yo te debake Lagondèzuit yo te retounen Sendomeng, yo te pase nan fwontyè ayisyen- dominiken an. Nan yon atak sipriz lame ayisyen an te fè sou yo sou fwontyè an, Fred Baptiste nan kouri te tonbe nan yon trou, yon pye l te deranje se Renel frè l ak yon lòt kanmaral ki te pote li sou do pou te rantre ak li Dominikani.
Kèk tan apre gouvènman dominiken an te ekspilse Fred ak Renel an Frans. Yo te menm ale an Chin pou yo ale chèche lajan ak minisyon pou yo te vin atake Duvalier. Demach yo pat abouti ak yon bon rezilta. Force Armée Révolutionnaire Haïtien te kraze. Youn nan manm yo, Paul Arcelin ki te an Frans, te deside antre nan peyi Kanada se la, li vin marye ak yon kanadyen. Yo te deside fè yon fanmi. Apre kèk tan Fred ak Paul te pèdi kontak. Nan yon lèt Fred ekri Paul Arcelin li di : « Geriyewo [Fred Baptiste] te anonse mwen l ap rantre Ispayola (Sendomeng) gras ak kèk zanmi ki ap ede li, li vle tounen pou l ale ofri vi li kòm yon sakrifis pou jenerasyon k ap vini yo. » (Sèkèy anba bra, paj 27). Tit liv la genyen yon bon siyifikasyon. Paul Arcelin ki te yon ekriven, yon diplomat, yon pwofesè nan akademi naval militè dominiken an, te konsidere kamoken yo kòm moun ki te genyen yon ilizyon, yon rèv, yo pat kapab reyalize. Nan lèt sa, genyen yon santiman Fred Baptiste te panse retounen li an Dominikani pou ale an Ayiti, li te kab mouri. Yon bagay ki pa janm revele se kantite kamoken ki te debake nan awondisman Bèlans lan. Nou pa janm konnen tou, non tout kamoken yo, ki te debake de fwa sou teritwa ayisyen an. Nan debakman ki te fèt Jeremi, Dam Mari, Tirivyè, tout moun konnen se te 13 jèn ak tout non yo. Men, nan debakman Bèlans lan, nou pa janm konnen non yo tout.
An 1970 Fred ak Renèl Baptiste te travèse fwontyè an pou ale Forèdèpen. Yo te divize an twa kolòn. Yo te akonpaye ak 4 peyizan ayisyen. Pandan yo te nan Forèdèpen an kèk peyizan te ale nan kazèn Tyòt la pou yo te denonse yo ki te nan Forèdèpen an. Yo te di egzakteman kote kamoken yo ye. Paske anpil moun te pè rankontre ak yo paske gouvènman Papa Dòk t ap fiziye yo. Konsa, yon kòmando Fòs Ame Ayiti an te ale ansèkle kamoken yo, yo te fòse yo rann. San yon kout fizi pat tire, yo te arete Fred ak Renèl Baptiste, yo te voye yo Fòdimanch : Renel Baptiste te mouri 5 out 1973, Fred te nan selil 1, e Renel te nan selil 5. Fred Baptiste te deja soufri ak ilsè estomak, maladi vin pi grav. Li te konnen anpil grangou anvan li te mouri. Li te depafini nèt, lè l te mouri jou ki te 16 jen 1974. Tou de frè yo, Fred ak Renel, te mouri pou yon kòz yon te kwè ladann l. Yo te kwè yon sèl mwayen ki te genyen pou ranvèse diktati Duvalier an se te itilize zam. Fred Baptiste ki te nan gwoup rebèl jeneral Léon Cantave nan Wanament an 1963 te di : Paske, dapre Fred Baptiste, Cantave pa te genyen yon estrateji pou li te kab genyen batay Wanament lan devan militè ayisyen yo. Fred Baptiste limenm mouri nan prizon Fòdimanch nan yon kondisyon deplorab. Jeneral Léon Cantave te mouri Pari, (Frans) 16 fevriye 1967. Tou de te mouri san yo pa gentan wè fen rejim Duvalier a. Malerezman apre 40 tan depa rejim Duvalier yo, Ayiti pakab monte sou ray devlopman ekonomik ak sosyal pou amlyore kondisyon pèp ayisyen an.
Se yon bon moman pou nou rann yon omaj a Rachelle Magloire, ki ekri yon dokimantè sou memwa kamoken yo ki rele : « 1964 Simityè kamoken » ki te sòti an 2023. Dokimantè a te prezante nan « Festival Vues d’Afrique » nan vil Monreyal (Kanada) an avril 2024.
Prezantasyon « 1964 Simityè kamoken » an pèmèt li ouvri rido sou yon tranch listwa ki te fèt nan san, nan doulè, nan lanmò, nan dèy, san okenn rezon valab. Paske gouvènman Duvalier a pat janm reyèlman menase pandan prezans kamoken yo nan rejyon Bèlans lan. Yon sèl rezon se te egoyis dirijan yo ki vle toujou rete nan pouvwa toutan gentan.
Brooklyn, New-York, 22 dawout 2026
Commentaires (0)
Laisser un commentaire
Aucun commentaire. Soyez le premier !