Premye Pati
Nan listwa yon peyi, yon vil, yon kominote genyen dat ki pa dwe janm bliye. Rezon yo, se paske dat sa yo make anpil moun ki t ap viv nan epòk sa yo. Dat sa yo toujou ap kontinye make lavi pitit moun, menm fanmi ak zanmi viktim yo. Bonbadman 4 vil sou lòd 3 prezidan ak debakman kamoken nan Lagon Dèzuit (Bèlans) nan dat 28 jen 1964, masak sa yo kapab aji sou santiman, sou kòlè tout moun k ap genyen òpòtinite pou li tranch istwa sonb, tris, dilere sa a nan peyi Ayiti.
Bonbade pwòp peyi w, se yon krim lalwa, konvansyon entènasyonal yo kondane. Se pa yon sèl fwa bonbadman ak kanno tire sou vil nou yo. Men okenn nan prezidan ki te kòmandite zak yo tankou Fabre Nicolas Geffrard, François Denis Legitime, Antoine Simon ak Boisrond Canal pa janm jwenn kondanasyon devan yon tribinal pou kantite moun yo sasinen nan bonbadman yo. Yon sèl rezon valab gouvènman sa yo te genyen : se pou yo te kenbe pouvwa yo, menmsi anpil san koule, anpil moun mouri. Aksyon sa yo pwouve dirijan sa yo prèske tout se te kriminèl ; menm lè prezidan Nord Alexis te fè yon pwosè konsolidasyon kont Tiresias Simon Sam, Vilbrun Guillaume Sam, Tancrède Auguste, Michel Cincinnatus Leconte ak lòt moun akò.Tout gwo chabrak sa yo te kondane, men tou lekat vin prezidan peyi a aprè Nord Alexis te kite pouvwa a.

Enpinite se pi gwo gangrèn k ap fini ak Ayiti. Chak gouvènman ki kondane yon ansyen prezidan ou nenpòt gwo anplwaye leta, gouvènman ki vin apre a, depi li pataje menm liy politik, menm fanmi politik, menm filozofi politik, pwofite òpòtinite sa a pou padone tout aksyon kriminèl, tout desizyon jistis te pran kont ansyen gouvènman an. Konsa, genyen yon gwo ekriven ayisyen yo rele Alain Turnier moun natif natal Jakmèl nan yon liv li, ki rele : « Quand la nation demande des comptes. » « Lè nasyon an ap mande règleman », montre klèman kouman kèk prezidan te kondane pou koripsyon, vòlè lajan leta, touye moun. Apre sa yon lòt gouvènman vin blanchi yo.
Nou kapab pran 2 egzanp pou n pwouve sa. Premye a, se sou Lanperè Faustin Soulouque. Lè l te egzile, Leta ayisyen te sezi tout byen l. Men tout pandan legzil li, li pa janm sispann fè demach pasipala pou yo renmèt li byen l yo. Gouvènman ki te vin apre Soulouque yo, pat dakò pou yo renmèt yo. Sepandan, kòm Soulouque te vin mouri sou prezidan Salnave nan dat 27 jiyè 1867, madanm li Adelina Levèque te mouri limenm nan dat 17 oktòb 1878. De mwa apre, presizeman nan dat 17 desanm 1878 sou prezidan Salomon, 2 chanm yo te pran desizyon pou renmèt pitit fi Soulouque yo, Olive ak Celia tout byen papa yo, leta pat vann. Vrè rezon ki te fè chanm yo te pran desizyon sa a, se paske prezidan Salomon te minis finans sou Lanperè Soulouque pou 10 zan. Se zafè mounpa ki t ap regle, tankou sajès popilè a di : zafè mounpa an Ayiti se lalwa !
Dezyèm egzanp lan konsène ansyen prezidan Paul Eugène Magloire. Li te fòse kite pouvwa ak tout peyi Ayiti nan dat 12 desanm 1956. « Nan yon dekrè date 14 fevriye, Prezidan Franck Sylvain te sekestre tout byen ak imèb ansyen Prezidan Paul Magloire ak pa tout lòt moun ki te travay nan administrasyon an ki te patisipe sitou nan jere jesyon piblik gouvènman an. Se konsa, nan dat 15 oktòb 1956 Konsèy Militè (14 jen 1957 rive 22 septanm 1957) Jeneral Antonio Thomson Kebreau t ap dirije, te dekrete karebare nasyonalizasyon tout byen ak imèb ansyen Prezidan Paul Magloire, Arsène Magloire ak Fernand Magloire.» (Tou 2 lòt moun sa yo se frè Prezidan Paul Magloire) Alain Turnier ekri : « Mwens apre fen long rèy Divalye yo. Konsèy Nasyonal Gouvènman an (CNG), jeneral Henri te prezide, akòde plen ak amnisti antye pou ansyen Prezidan Paul Magloire ak trèz lòt sitwayen, te kondane : pèndemò annabsans yo, renmèt tout pwopriyete tout byen yo te sezi apre rèy Magloire, eksepte tout byen Leta te deja vann. Yo rebay nasyonalite ayisyen ak tout moun ki te prive yo dedwa sa sou gouvènman François Duvalier» (Ref : Quand la nation demande des comptes,(paj 5).
Konsa, 3 prezidan Ayiti ki te bonbade 4 vil peyi yo se : Fabre Nicolas Geffrard, François Denis Légitime, Antoine Simon ak yon katriyèm Boisrond Canal. Li te mande pou bato alman « la Panthere » te atake yon sèl bato degè Ayiti te genyen ki te rele : «la Crête-à-Pierrot, Lakrètapyewo) ki te nan rad Gonayiv ap sipòte Antenor Firmin kont Nord Alexis.

Li fasil pou site non 4 prezidan yo, men, fòk nou ka pwouve kouman yo te rive bonbade vil Kap Ayisyen, vil Bèlans ak Gran-gozye, epi vil Wanament. Yon lòt Prezidan nan Gonayiv, te lakòz yon grenn bato degè ayisyen an te sote ak tout kaptèn li Hammerton Killick. Premye prezidan ki te bonbade vil Kap-Ayisyen se te Fabre Nicolas Geffrard ki te nan yon gwo batay ak jeneral Sylvain Salnave nan vil Okap. Sylvain Salnave te pwoklame tèt li prezidan Kap-Ayisyen avèk sipò gouvènman meriken. Lè Geffrard wè l ap pèdi batay la, paske li pat kapab pran vil Kap-Ayisyen, li mande pou gouvènman anglè a itilize 2 bato degè anglè : HHS Bull Dog ki te genyen abò li konsil anglè a Spencer Sant John ak yon lòt bato degè anglè yo rele HHS Galetea pou yo bonbade vil Kap-Ayisyen. Konsa, 2 bato degè sa yo te bonbade vil Kap-Ayisyen nan dat 9 novanm 1865. Jeneral Sylvain Salnave te blije sove tèt li nan yon bato meriken ki te mennen li ale refijye l nan zile Tik. Se pa jounen jodi a, gwo peyi etranje ap foure bouch yo nan zafè peyi Ayiti pou pwoteje pwòp enterè pèsonèl yo ak enterè alye yo an Ayiti, se ayisyen nan peyi a k ap defann enterè etranje yo. Se enterè blan nan peyi Ayiti kont enterè Ayiti. Dezyèm prezidan ki te bonbade vil Ayiti se te François Denis Legitime ki te bonbade ak kout kanon vil Saltrou ak Gran-Gosier nan dat 14 jiyè 1889.
Prezidan Antoine Simon te fè jeneral Horelle Momplaisir bonbade epitou raze vil Wanament nan mwa fevriye 1911. Paske lame kako a te revòlte kont prezidan Antoine Simon pou sipòte kandidati Jean Jacques Michel Cincinnatus Leconte pou te kab ranplase prezidan Antoine Simon. Politisyen ayisyen yo genyen memwa kout, yo bliye se prezidan Antoine Simon ki te fè bonbade vil Wanament nan mwa fevriye 1911. Otorite ayisyen yo, jounen jodia, pou rekonpanse, oubyen pou sonje memwa prezidan Antoine Simon yo batize ayepò Okay la : Ayewopò Antoine Simon. Sa pwouve politisyen nou yo pa serye, ni ansyen ni nouvo yomenm kip a menm konn listwa peyi a epi se yo k ap pran desizyon bay ayewopò non. Se konsa ou jwenn, majorite politisyen ayisyen yo se demagòg. Se rezon sa ki fè yon ekriven yo rele Georges Santaya nan yo dokiman li rele « Lavi ak larezon. » li di : « Moun ki bliye pase yo, kondane pou repete menm erè yo te déjà fè yo.»

Sitwayen Boisrond Canal limenm te prezidan pwovizwa chaje pou òganize eleksyon ant Kandida Antenor Firmin ak Nord Alexis. Boisrond Canal t ap sipòte ouvètman kandidati jeneral Nord Alexis kont entelektyèl Antenor Firmin, ki te manm pati liberal la avèk prezidan Boisrond Canal, men prezidan an te sipòte pito Nord Alexis ki te yon demi analfabèt.
Prezidan pwovizwa Boisrond Canal ki t ap òganize eleksyon yo, lè li wè kandida Antenor Firmin te genyen yon gwo avantaj sou kandida Nord Alexis nan batay vil Gonayiv la avèk Jeneral Jean Jumeau ki te patizan Antenor Firmin, men, sitou yon sèl batodegè Ayiti te genyen nan epòk la, yo te rele « la Crête-à-Pierrot (Lakrètapyewo) » sou kòmandmam Amiral Hammerton Killick t ap sipòte kandidati Antenor Firmin. Pou retire avantaj batodegè sa prezidan Boisrond Canal te pouse gouvènman alman an pou entèveni pou atake sèl bato degè ayisyen an La « Crête-à-Pierrrot (Lakrètapyewo) Amiral Killick te fèk sezi yon lo zam bato alman Markomania te pote pou patizan Nord Alexis yo nan Gonayiv nan dat 2 septanm 1902. Kapitèn bato alman « La SMS Panther.» : Korvettenkapitän Richard Eckermann te mande amiral Hammerton Killick pou li rann tèt li sou lòd minis rezidan Almay la an Ayiti Francsen. Olye amiral Hammerton Killick pote tèt li bay kapitèn bato alman an, li prefere rantre nan bato Lakrètapyewo (La Crête-à –Pierrot), li tire nan poudriyè a li sote tèt li ak tout bato a. Anvan li te mouri li te kriye byen fò « Viv Ayiti. » Èske genyen ayisyen sa yo toujou, jounen jodi a ? Se menm Boirond Canal sa ki te egzekite ak men li prezidan Sylvain Salnave, li te fè mare l sou yon poto nan lakou palè nasyonal la. Se menm Boisrond Canal sa ki te konnen li pat genyen okenn chans pou li genyen eleksyon ant Boyer Bazelais ak Lysius Felicite Jeune. Li te prefere divize pati liberal la, lè li te prezante tèt li kandida alaprezidans sou pati liberal la, tandiske Boyer Bazelais prezidan fondatè pati liberal la te kandida tou nan menm pati liberal pou prezidan anfas kandida Lysius Félicité Salomon Jeune pou pati nasyonal la. Malgre pati Liberal la te genyen majorite nan asanble nasyonal la, Konsa, pati a te genyen 2 kandida ala prezidans : Boyer Bazelais ak Boirond Canal. Tandiske pati Nasyonal la te genyen yon sèl kandida Lysius Felicite Salomon. Politisyen magouyè Boisrond Canal te divize pati liberal la pou fasilite kandidati Lysius Felicite Salomon Jeune vin prezidan Ayiti?
Poukisa debakman Kamoken yo nan Lagon Dèzuit awsondisman Bèlans 28 jen 1964? Ki te objektif kamoken yo? Poukisa yo te fizye tout moun sa yo? Èske kamoken yo te ka libere Ayiti ? Èske yo te genyen yon bon plan ak yon bon estrateji pou yo te pran pouvwa a? Ki rezon ki te fè kamoken kwé yo te ka ranvèse gouvènman François Duvalier a ? Dènye kesyon an fasil pou reponn. Modèl geriya ki t ap fèt nan kèk peyi nan Lamerik la tankou revòl goupman militè gochis general Caamano an Repiblik dominiken, rantre Che Guevara nan Bolivi, ak Mouvman Liberasyon Nasyonal Tupamaros (MLN-T),yon gwoup geriya iben ki te gen oryantasyon Maksis-Leninis ki t ap opere nan Irigwe pandan ane 1960 yo ak kòmansman ane 1970 yo. Tout mouvman geriya sa yo tankou debakman kamoken Lagon Dèzuit la, ak debakman 13 jèn ayisyen nan jeremi Dam Mari pi presizeman nan Ti rivyè.
Commentaires (0)
Laisser un commentaire
Aucun commentaire. Soyez le premier !